BYENVINI

Ayiti Ka Bay Tèt Li Manje

Byenveni sou Ayiti Ka Bay Tet Li Manje.
Sit sa se pou pote kole ak tout kiltivatè, pechè, moun ki fè elevaj, fèm agrikòl, envestisè nan agrikilti, elvaj ak la pèch, media yo ak tout moun ki ap goumen pou Ayiti ka bay tet li manje.
Nou ofri plizyè sèvis pou ede mouvman 'Ayiti Ka Bay Tet Li Manje' a. vini yon reyalite.

Onè Spesyal

Nap Onore Abed Jean Louis

Nap onore Abed Jean Louis ki se yon sitwayen kap travay pou avansman pwodiksyon nasyonal nan peyi a.
Abed se Pyonye mouvman "Ayiti ka bay tet li manje" a. Se li menm ki enspire nou pou nou patisipe nan mouvman an. Li vizite plizye kote nan peyi a pou l mete en valè pwodwi lokal yo. Li poze anpil aksyon poul montre koman Ayiti ka bay tet li manje tel ke li Fè yon kan agrikol kote li menm avek team li plante plizye espes de manje ki gentan grandi e yo gentan manje yo anvan twa mwa. Kan sa se yon siksè ak prev ke Ayiti ka bay tet li manje. An nou sipòte chanel la, abone, pataje pou nou bay pwodiksyon nasyonal la jarèt pou Ayiti ka bay tèt li manje tout bon vre.
klike la pou vizite chanel Abed JL

Onè Spesyal

Nap Onore Thòy'Art

Nap onore Thòy'Art ki se yon fanm vanyan kap travay pou avansman pwodiksyon nasyonal nan peyi a depi kek tan. Martine Phebe ke tout moun konnen sou non 'Thoy Art' se pyonye mouvman "Agrikiliti Rebwazman ak Lelvaj" (ARL)nan peyi a. Se li menm ki enspire anpil moun pou komanse panse sou agrikilti rebwazman ak elvaj pou ede peyi a avanse. Li kreye Mouvman Agrikilti-Rebwazman Lelvay pou l mete en valè pwodwi lokal yo. An nou sipòte paj la e pataje pou nou bay pwodiksyon nasyonal la jarèt pou Ayiti ka bay tèt li manje tout bon vre.
klike la pou vizite paj Thòy'Art la

Sèvis nou ofri

Anyè - Directory

Nou ede biznis yo jwenn achtè pou pwodwi agrikilti, elvaj ak la pèch.

Anyè a se pou ede biznis ki gen rapò avek agrikilti, elvaj ak la pech yo ofri pwodwi yo pou popilasyon an.
klike pou Anyè a

Anons - Classifieds

Nou ede kiltivatè, pechè ak moun ki fè elevaj jwenn achtè pou pwodwi.

Seksyon Anons la se pou ede kiltivatè, pechè ak moun ki fè elevaj ofri pwodwi yo pou popilasyon an.
klike pou Anons yo

Enfòmasyon - Info

Nou ap pote enfòmasyon ak nouvel sou agrikilti, la pèch ak elevaj.

Nap pote anpil enFomasyon ak nouvel sou agrikilti, la pèch ak elevaj pou kiltivatè, pechè ak moun ki fè elevaj. klike pou enfòmasyon

Ann manje pwodwi lokal - Ann kore pwodiksyon lakay

Pou nou ede Ayiti vanse

Nap onore sitwayen konsekan sa yo ki ap goumen pou mete en valè pwodiksyon nasyonal la.